• Haiti-- Politique et autres-- Document (1)

    From enezerjohnmekinson@gmail.com@21:1/5 to All on Tue Sep 27 15:03:10 2016
    Pèp ayisyen , pouki se nou ki toujou ap soufri ? Poukisa nou pa ka ini nou menm jan tout ogann ki nan kò nou ini pou fasilite sistèm yo byen mache. Ayiti se yon peyi ki viktim sou tout plan : sosyal, edikatif, kiltirèl, politik, ekonomik. Eske se nan
    nou menm pèp ayisyen problem nan ye?? Nou ka di wi, paske yon peyi sou 100% moun se 5% ki konn li ak ekri , koman nou ta vle pou peyi sa ale vè lava?n la. Gen anpil bèl dat nan istwa peyi nou , nou bliye, pou lawont nou fè sanblan ke nou sonje yo
    poutan nou pa menm sonje yo vre. Sa tris pou yon peyi gen resous natirèl men pouvi ke li pa gen resous imènn , li arive plase kom PMA e se li menm sel nan amerik la ki nan PMA . Pwoblèm peyi a pral rezoud se lè tout ayisyen lotbo dlo kou an Ayiti
    pran konsyans de eta yo e yo tout fe yon ti koudèy sou istwa yo, lè sa yo va gen ogèy e yo va gen yon vizyon.

    --- SoupGate-Win32 v1.05
    * Origin: fsxNet Usenet Gateway (21:1/5)